5KORB

Konsènan 5KORB

5KORB se yon Mache Kominote Ayisyen ki te kreye 8 jen 2026.

Misyon nou se konekte Ayisyen toupatou nan mond lan pa bay yon platfòm an konfyans kote moun ka achte, vann, pwomote sèvis, epi devlope biznis yo.

Kit ou nan Ayiti, Etazini, Kanada, Meksik, Frans, Brezil, Chili, oswa nenpòt lòt kote, 5KORB ede rasanble kominote Ayisyen an atravè komès ak opòtinite.

Kisa ou ka fè sou 5KORB?

Pou vandè, biznis ak prestatè sèvis: Kreye boutik ou sou 5KORB, mete pwodwi ak sèvis ou yo, resevwa abonnés, reviews ak mesaj dirèk nan men kliyan. 5KORB fèt pou ede antreprenè ayisyen yo jwenn kliyan nan Ayiti ak nan dyaspora a, nan peyi tankou Etazini, Kanada, Meksik, Frans, Brezil ak Chili.

Pou achtè: Chèche pwodwi ak sèvis pa kategori ak pa kote, dekouvri boutik kominote a, epi kontakte vandè a dirèkteman pou w poze kesyon oswa fè yon acha.

5KORB ap bati etap pa etap, ansanm ak vandè ak achtè kominote a — chak boutik ki ouvri ak chak pwodui ki mete sou 5KORB fè marketplace la pi itil pou tout moun.

Nou angaje nou pou:

  • Bay yon mache an sekirite ak fyab.
  • Sipòte antreprenè ak ti biznis Ayisyen.
  • Konekte achtè ak vandè atravè mond lan.
  • Pwomote transparans, konfyans, ak pratik biznis jis.
  • Kreye opòtinite ekonomik pou kominote Ayisyen an.

5KORB kontinye siveye anons yo pou kenbe yon anviwònman sekirize pou tout itilizatè.

Vizyon nou se vin pi gwo mache pou Ayisyen toupatou nan mond lan.